Powèm pou chante pòv toupatou

Milyonven timoun, fanm ak papa pitit Ki mouri nan mizè, nan grangou, se nou jodi a ki eritye yo. O sila yo ki yè ankò te vivan, si jodi a, mwen pran lapawòl, Se pa pou mwen pale sou lanmò nou, se jan lavi nou te ye mwen vle rakonte.

M ap pale de nou menm, latriye manman Ki konnen pitit nou kondane pou ret nan lamizè, wa di yo twòp pou tè a.

M ap pale pou pitit nou yo, doulè grangou ap kòde trip yo, San yon souri lespwa nan figi yo, malgre sa yo vle kontinye renmen.

M ap pale pou milyonven jèn sa yo, Malgre yo san rezon pou yo kontinye kwè, pou yo kontinye viv, Y ap chache san yo pa jwenn li yon demen miyò nan monn tèt anba sa a.

M ap pale de nou menm, pòv ayè ak pòv jounen jodi a, Ki pèdi nan kat chimen, k ap sove kite yon kote pou yon lòt, nan chache lavi, Pòv yo meprize, pòv yo rayi. Travayè san metye, doulè ak fatig travay di ap kraze depi tout tan gen tan, Travayè de bra pandye ki pap leve ni lou ni lejè.

Milyonven gason, fanm ak timoun Kè yo kontinye ap bat fò pou lit la, Lespri yo revòlte kont move lavi ak enjistis yo enpoze yo. Kouraj yo ekzije dwa pou diyite yo, yon diyite ki pa ka mezire.

M ap pale de nou menm, timoun, fanm ak gason Ki pa vle bay madichon, men ki pito renmen, ki pito lapriyè, Ki pito travay epi met tèt ansanm, Pou yo gen yon lòt tè, kote youn ap ede lòt, youn reskonsab lòt, Yon tè, tè pa nou, kote chak moun ap bay tout sa yo genyen nan yo avan yo mouri.

M ap pale de nou menm, gason, fanm ak timoun, Depi jodi a, kè nou, men nou, zouti nou grave non nou, Pou tout tan sou plas libète a.

M ap pale de nou pou lèzòm anfen, fin pa pran kretyen vivan an konsiderasyon, E refize nèt al kole lamizè tankou yon malediksyon, tankou yon chatiman, Tankou yon bagay moun pa kab chanje.

Pè Joseph Wresinski 17 oktòb 1987

Pour écouter, cliquer ici

0 comments Leave a comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.