Priyè inivèsèl

Messe du 17 Octobre 1987, Cathédrale Notre Dame de Paris Père Joseph Wresinski

 

Priyè inivèsèl

 

Messe du 17 Octobre 1987, Cathédrale Notre Dame de Paris Père Joseph Wresinski

Pou milyonven timoun sa yo Doulè grangou ap kòde trip yo, San yon souri lespwa nan figi yo, Malgre sa yo vle kontinye renmen.

Pou milyonven jèn sa yo, Malgre yo san rezon pou yo kontinye kwè, Pou yo kontinye viv, Y ap chache san yo pa jwenn li yon demen miyò Nan monn tèt anba sa a.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou milyonven gason, fanm ak timoun Kè yo kontinye ap bat fò pou lit la, Lespri yo revòlte kont move lavi ak enjistis yo enpoze yo, Kouraj yo ekzije dwa pou diyite yo, Yon diyite ki pa ka mezire.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou milyonven timoun, fanm ak gason Ki pa vle bay madichon, Men ki pito renmen, ki pito lapriyè, Ki pito travay epi met tèt ansanm, Pou yo gen yon lòt tè, Kote youn ap ede lòt, youn reskonsab lòt. Yon tè, tè pa nou, Kote chak moun ap bay tou sa yo genyen nan yo Avan yo mouri.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou tout moun k ap lapriyè Se pou Bondye tande vwa yo pandan y ap resevwa pisans li Pou bat chalbari dèyè lamizè k ap kraze kretyen vivan Ki se pòtre ak Bondye.

Tanpri papa voye travè pou ranmase rekòt ou a.

0 comments Leave a comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.