Lè’n pale de ti moun yo, nou toujou gen sipriz, nou toujou gen anpil sipriz. Patricia, papa’l setè yon kôkmô. Lakay li setè orib, sa fè pè, tout bagay yo te genyen yo te kouvri ak twal yo konn kouvri mô. Nap yo setè twal mô, sèvièt setè twal mô. Manman Patricia te pati è te genyen 6 pitit nan kay la an plis Patricia. Le swa, li te kouche nan menm kabann ak papa li è li te tache ansanm avèk li ak zepeng pou lapolis pa vini chèche li ak frè ak sè li yo. Nan lit sa a avèk lapolis, li te kache avèk frè ak sè li yo, sou konplisite mwen, paske mwen te toujou kite do kay la ak plafon jaden danfan an ouvè, è pafwa li te konn pase pliziè lannuit pou lapolis pa prann li.
Lè manman Patricia te retounen, setè la delivrans, solèy la antre nan kay la. Anpil ane aprè sa, mwen te rankontre Patricia è li te di’m : « Lè mwen te ti moun, setè mèvèye, mwen te tèlman erèz. Setè papa ki te sipote tout bagay pou nou. »
Mwen kwè ke ti moun yo sè sa, nenpôt ti bagay sè yon bonè pou yo, è sè lajwa pou gran yo. Paske lè ou rekonèt ke nenpôt ti bagay fè kè ti moun yo kontan, non sèlman nou anvi ba yo tout sa n genyen pou fè yo kontan, mè nou gen konfyans nan lavi è ou pa wè lamizè make sou figi yo, yo pa nan layèn. Mwen te toujou remake, è sè ekstraordinè, ke ti moun yo ki fèt nan lamizè, yo grandi san èn nan kè yo. Petèt eske paske sè two di pou sipote ? Petèt tou paske papa yo, manman yo te fè zefô è ti moun yo te rekonèt zefô ke youn ou lot te fè. Sè petèt akoz de sa ke ti moun yo ki leve nan lamizè yo te tèlman rete atache a paran yo. Souvan nou etone, nou di : « Mè gade, yo rete la, yo pa sove ! » Sè paske yo rann kont ke papa yo, manman yo te tèlman pran kou, yo pa la pou pare kou, yo plis ke sa.
Paran yo sè yon scri de kè ki anvlope lot kè yo. Sè ekstraôdinè.
Pale de ti moun yo, sè ti moun sa yo, yon mwa fevriye nan aswè kote k’te gen anpil frèdi, van an te glase, yo te ale vann mab yo te genyen paske setè fèt manman yo. Depi pliziè jou, pat gen pen nan kay la, pat gen anyen pou yo te manje. Ti moun yo te vin wè mwen, mè mwen pat gen anyen ditou pou’m te ba yo. Mwen te al mande a goch a dwat mwen te jwenn yon pen rasi è mwen te ba yo. Mè jou sa, yo tap di ant yo menm : « Jodia sè fèt manman nou, kisa nou m’pral ba li ? » Alô yo te vann mab yo è yo mennen nan aswè yon pen pou manman yo. Ti moun yo, sè sa. Pa janm genyen layèn nan kè ti moun yo kap viv nan lamizè.
Mwen te wè tou Nono nan labou, setè efreyan, lapli tap tonbe, te gen ti trou dlo tout kote. Yon dam byen vhic rive, li pote chokola pou Nono è Nono te ale ak chokola sa a bo kote ti sè li è li te kase moso ba li. Sè sa ti moun yo kap viv nan lamizè. Lè m te ti moun, sè konsa m’te ye tou, mwen te konn envante, mwen te konn chèche, mwen te konn jwenn, mwen te konn volé, mwen te konn pote lakay mwen sa m’te jwenn deyô. Mwen te konn debrouyen’m pou’n pa grangou lakay la. Sè menm bagay ti moun yo kap viv nan lamizè, yo sè chanpyon, chanpyon nan renmen. Sè domaj nou pa rekonèt sa.
