Ann koute leson kouraj moun ki pi pòv yo ap ban nou

Nan tan difisil sa yo, èske nou pa gen tandans pale sèlman de pwoblèm nou yo? Èske nou pa pase plis tan ap konte kantite moun ki vin nan biwo asistans sosyal oswa k ap frape pòt òganizasyon k ap pote moun sekou? Lè nou fè sa, nou bliye pale de kouraj fanmi sa yo genyen pou yo kontinye viv ak diyite, de entèlijans yo deplwaye pou yo fè fas ak nouvo difikilte yo, ansanm ak tout efò gason ak fanm sa yo ap fè pou yo jwenn yon ti djòb isit kou laba. Souvan, se travay ki mal peye, ki rèd, ki danjere, epi pafwa ki fèt san okenn deklarasyon legal.

Ann koute leson kouraj, fòs ak diyite fanmi ki pi pòv yo ap ban nou. Si nou pa fè sa, n ap pèdi anpil. Tan difisil sa yo p ap aprann nou anyen.

0 comments Leave a comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.